
Pandan plizyè ane, zanmi ak moun ki abite nan Cambridge ap mande m pou m konsidere yon pozisyon politik. Aprè konsiderasyon serye, mwen deside pou m aksepte defi sa a epi pote m kandida kòm Konseye Vil la. Mwen pataje kwayans sa a avèk ou ke Cambridge ka yon kominote ekstraòdinè pou viv epi travay, men sa ka fèt sèlman avèk vijilans kontinyèl sitwayen l yo ak lidèship pwogresif ofisyèl eli l yo.
Cambridge se yon bon jan vil, men gen anpil lòt bagay ke nou ka fè. Pami bagay ki kritik ke m ap gen pou m konsantre sou yo se jere devlopman Cambridge avèk yon sans de responsablite pandan m ap asire m ke li rete aksesib a tout fanmi ak sitwayen nan vil la; rete vijilan sou afè anviwonnman nou an, kreye plis opònite pou edikasyon epi travay pou pèmèt jèn moun nou yo ranpòte siksè nan vil nou an.
Kòm yon Konseye Pwofesyonèl ki konsakre l a sèvis sosyal, mwen byen konprann ki sèvis mnou bezwen pou nou fè vil nou an travay, ak abilite pou nou tande yon fason pou nou ka reponn a bezwen moun ka ap viv nan vil la.
Kòm paran 2 timoun ki gradye nan lekòl yo rele "Cambridge Rindge and Latin School" la (CRLS), ki aktif nan afè refòm nan lekòl, e yon pwofesè sibtiti nan "CRLS", mwen konprann enkyetid paran yo ak pwoblèm sistèm edikasyon nou an fè fas avèk li.
Kòm yon Volontè nan pwogram Foutbòl (soccer) pou Jèn timoun ak nan Komisyon Lapè Cambridge, mwen konnen ki sa volontè angaje ka rive akonpli, e kòman li enpòtan pou toulede ni gouvènman ak moun k ap viv Cambridge pou yo kreye yon vil ki vivan epi ki pote siksè.
Kòm yon antreprenè, mwen gen yon estimasyon ki reyèl de sa l pran pou kòmanse epi kenbe yon biznis nan e.
Kòm yon teknisyen nan afè konmpyoutè ak kenbe enfòmasyon nan konmpyoutè, mwen konfòtab avèk teknoloji ak sa li ka pote nan jere vil la ak nan lavi moun k ap viv ladan l.
Mwen pase tout tan mwen ap aprann kòman pou m tande byen, epi kòman pou m tradwi sa m tande a an bon jan aksyon. Mwen pwomèt pou m tande epi pou m konprann pwoblèm ou yon fason ansanm pou nou ka fè Cambridge vin yon kote ki menm pi bon pou fanmi viv.
Mwen mande w pou ban m premye vòt ou.
Mèsi pou konsiderasyon w.

Larry Ward, Ph.D.
Tcheke sit entènèt mwen an nan www.LarryWard.org
Oubyen rele m nan 617-492-1573
Vote pou Larry kòm Konseye Vil la nan Zòn #1 an Pou yon Pi Bon Cambridge
Kontinye fè Cambridge rete yon kote ki Bon pou Fanmi
Cambridge se yon kominote ki akeyan, divè, vivan epi ki ankourajan pou fanmi. Men de tout fason, gen yon seri de presyon sosyal ak ekonomik ki menase fondasyon sa a. Motivasyon prensipal mwen nan kapay pou Konseye Vil la se pou m asire ke Cambridge rete yon kominote ki ede fanmi. Sa vle di mentni edikasyon, travay ak sistèm kay pou jèn moun nou yo, swen sante ak sèvis sosyal pou granmoun aje nou yo. Antanke yon papa k ap leve 3 pitit fi, e yon pitit gason k ap pran swen papa l ki gen 91 an, mwen konn anba ki presyon fanmi ye. Byenke nou bezwen kwasans ekonomik ak kreye travay ak endistri teknolojik ak inivèsite kap kontinye avanse, nou dwe asire nou ke nou pwoteje fondasyon ekonomik ak sosyal Cambridge ki kreye yon kominote pou moun k ap viv ladan l. Kòm yon Konseye Vil la, m ap vijilan pou m anpeche kegwo ansyen ak nouvo enstitisyonki antoure nou yo pa devore kominote nou an. Nou bezwen asire nou ke yo tout pote kole avèk Vil la pou nou kreye travay, sant ak resous teknik k ap disponib pou fanmi ak moun ki abite nan Cambridge.
Edikasyon ak Lekòl
Pou Cambridge kontinye sipòte fanmi ak jèn yo, nou bezwen kontinye travay pou nou gen yon sistèm edikasyon piblik premyè klas. Avèk sa kontinye envesti nan pwofesè lekòl, nan lekòl yo ak nan sant edikatif yo ap pi gwo priyorite m. Byenke Komite Lekòl la gen kontwòl dirèk nan afè lekòl yo, Konsèye Vil la jwe yon wòl kle: Konsèye Vil la fikse bidjè lekòl yo, li eli Majistra a ki dirije Komite Lekòl yo; epi Konseye Vil la jere pwogram aprè lekòl yo ak pwogram rekreyatif yo. Nou bezwen pou gwo endistri teknoloji Cambridge yo bay elèv lekòl segondè yo estaj pandan sezon ete a. Sa bezwen fè pati de kolaborasyon ant Vil la ak endistri Biyoteknolojik yo, Konmpyoutè yo, Enèji yo ak lòt teknoloji ak syans entansif yo. Byenke pwogram aprè lekòl yo bay bon jan sèvis, nou bezwen amelyore nivo ak varyete pwogram sa yo. Sa ap mande plis bidjè ak nivo salè pou Pwofesè ak anplwaye Lekòl Kominotè yo.
Rekreyasyon ak Kote ki Gen Espas ak Pye Bwa
Afè devlopman toutan mete anpil presyon nan afè teren ki vid nan Cambridge. Nan negosye avèk endistri ak moun k ap devlope, kenbe espas piblik ouvè dwe yon peiyorite.
Kay pou Moun Rete
Afè pri ak lwaye kay k ap monte bwa rann li enposib pou enpe nan mou nou yo k ap viv Cambridge kontinye rete nan vil la, e chans pou timoun nou yo ta kòmanse posede kay nan Cambridge vin piti anpil. Nou bezwen fè plis efò pou gen kay a pri rezonab pou moun ki pa fè anpil kòb ak pou moun ki gen yon salè modere, epi mete kontwòl sou pye nan afè fanmi ki oblije deplase al abite lòt kote. Kay piblik nan cambridge reprezante yon pi gwo fraksyon nan kantite total kay leta ke pifò lòt vil nan eta Massachusetts la. Kay ak konplèks sa yo bezwen antretyen ak amelyorasyon. Vil la bezwen al deyè epi ankouraje pwogram kay federal ak eta yo ki sipòte kay sa yo. Kòm yon Konseye Vil la, mwen gen entansyon pou m sèvi kòm yon pwotektè lokatè ak enterè yo. Sa pa gen ladan l fè demach yon fason aktif devan Reprezantan nou yo nan Kongrè Etazini a pou sipòte kay leta ak pwogram kay leta kote peye yon pati pou lokatè yo.
